Haitian Creole Bible

2 Kings 25

1 Chronicles

Return to Index

Chapter 1

1

 ¶ Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòk, 

2

 Enòk te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd, 

3

 Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk, 

4

 Lemèk te papa Noe, Noe te papa Sèm, Kam ak Jafè. 

5

 Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. 

6

 Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama. 

7

 Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. 

8

 Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo. 

9

 Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan. 

10

 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè. 

11

 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo, 

12

 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti. 

13

 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo. 

14

 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo, 

15

 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo, 

16

 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo. 

17

 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo. 

18

 Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè. 

19

 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan. 

20

 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak, 

21

 Adoram, Ouzal, Dikla, 

22

 Ebal, Abimayèl, Seba, 

23

 Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye. 

24

 Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak, 

25

 Ebè, Pelèg, Reou, 

26

 Sewoug, Nakò, Terak 

27

 ak Abram ki te rele Abraram tou. 

28

 ¶ Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl. 

29

 Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam, 

30

 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema, 

31

 Jetou, Nafich ak Kedma. 

32

 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan. 

33

 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye. 

34

 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl. 

35

 Men non pitit Ezaou yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore. 

36

 Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk. 

37

 Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza. 

38

 Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan. 

39

 Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna. 

40

 Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana. 

41

 Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran. 

42

 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran. 

43

 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba. 

44

 Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. 

45

 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. 

46

 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit. 

47

 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. 

48

 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. 

49

 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li. 

50

 Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l' te pitit fi Mezarab. 

51

 Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezaou yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt, 

52

 Olibama, Ela, Pinon, 

53

 Kenaz, Teman, Mibza, 

54

 Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa. 

1 Chronicles 2

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: